Goudou goudou an Ayiti : 10 zan apre

USAID Saves Lives
7 min readJan 12, 2020

--

12 Janvye 2010, gwo goudou goudou manyitid 7.0 te devaste Ayiti epi touye 316,000 moun pandan li te afekte plis pase 3 milyon moun, mwatye nan yo te pèdi kay yo. Nan okazyon komemorasyon 10 zan goudou goudou a, 2 manm ekip entèvansyon ijans USAID yo ap sonje jan yo te sove moun anba dekonm epi jan pèp ayisyen an te kanpe djanm apre katastòf sa a.

Manm ekip entèvansyon nan katastòf USAID a pou sovtaj ak rechèch te make listwa goudou goudou a lè yo te rive rale 47 moun anba dekonm, 12 nan yo te sove nan yon sèl jou. Fotograf: Paul J. Richards / AFP

Ajans peyi Etazini pou devlopman entènasyonal (USAID) te voye ekip entèvansyon nan katastòf li a (DART) prese prese apre goudou goudou te frape Ayiti nan sid kapital Pòtoprens la. Misyon DART la te klè : Bay èd imanitè kritik epi chèche sivivan anba dekonm. Mè misyon sila a pat ap fasil ditou.

Goudou goudou a te kraze anpil katye san pa epaye pèsòn. Kay yo te plati nèt atè sou plizyè kilomèt alawonbadè. Ekip sovtaj yo tankou ekip USAID a te blije travay rapid rapid pou sove moun. Fotograf: Arielle Giegrich, USAID / OFDA

“Se te devastasyon ak pèt total sou plizyè kilomèt alawonbadè. Kay ak bildin yo te plati nèt atè, fil eletrik elektrik tap pann toupatou. Jwenn sivivan, se te tankou jwenn yon zegwi andedan yon pil sab.”

- Terry DeJournett, manm inite sovtaj ak rechèch Ekip DART USAID a.

Pou pi fò entèvansyon yo, ekip DART la te gen 545 moun, 511 ladan yo se te ekspè sovtaj ak rechèch, ak 34 lòt ekspè nan zafè entèvansyon apre katastòf manm biwo OFDA USAID a. Se pi gwo ekip entèvansyon USAID janm voye nan lemond. Ekip DART la te bat lòt rekò tou.

Pou pote sekou apre goudou goudou 12 janvye a, USAID te voye pi gow ekip DART li te janm voye — 545 moun . Fotograf: USAID/OFDA

Manm ekip sovtaj ak rechèch DART la te pote kole ak yon operasyon sovtaj entènasyonal istorik ki te reyisi sove 134 moun — sa se te yon rekò pou plis moun ki sove apre yon operasyon entènasyonal apre yon katastòf. Pami sa yo, ekip DART la rale 47 moun anba dekonm. 12 nan sovtaj sa yo te fèt yon grenn jou — se te 17 janvier 2010, 5 jou apre goudou goudou a, yon lòt rekò nan zafè sovtaj entènasyonal.

Joseph Knerr, yon chèf ponpye pou komin Fairfax nan leta Vijini, ak Terry DeJournett chef ponpye komin Los Angeles, chak te dirije yon ekip sovtaj pandan operasyon sekou yo an Ayiti. Yo pataje avèk nou nan mo payo sa yo plis sonje sou eksperyans yo an Ayiti.

Mirak labank la: 17 janvye 2010

5 jou apre goudou goudou a, yon ekip DART la pou sovtaj ak rechèch te ale kote yon bank te krase sou yon amplwaye. Li te vivan toujou, mè li te blese. Yo te bilje travay rapi rapid pou rale l anba dekonm yo. Fotograf: Terry DeJournett, Sèvis ponpye Los Angeles

Terry DeJournett, Sèvis ponpye Los Angeles

Nan maten 17 janvye a, nou tap travay sou yon pil debri nou te rive pèse, mè nou pat jwenn anyen. Epi, yon moun vin di nou “hey, gen yon dam ki anba yon bank ki kraze sou li tou pre a.”

Nou rive sou plas kote bank la te ye, se te yon pil debri. Dam la, yon anplwaye labank la, te kole anba 4 etaj debri. Non li se te Jinette Sainfort. Le te nan pakin bank la lè goudou goudou a frape. Li te entere anba debri. Mari li te sou plas, te rele li epi li te tande vwa li. Yon moun te gentan louvri yon ti trou apèn 2 pous.

Chèf batayon Terry DeJournett(sou bò gòch) di sa li plis sonje pandan misyon sekou DART li an Ayiti, se lè yo te rive sove dam la anba labank la. Fotograf: Terry DeJournett, Sèvis ponpye Los Angeles

Lakòz nou te premye ekip sekou ki te rive sou plas, nou te blije pran yon desizyon. Dam la te kole anba yon dal beton ak yon pil debri. Men li te kole anba yon afich an fè. Li pat kapab bouje. Nou reflechi sou kijan pou sove li: eske nou ta dwe leve tout debri yo pa anlè? Sa ta p pran twòp tan; Oswa eske nou ta ka pase sou kote pou rive jwenn li?

Jinette Saintfort nan moman yo rale l anba dekonm apre 5 jou goudou goudou te entere li vivan.

Nou deside pase sou kote. Nou fouye yon tunèl anlè dam la. Nou fouye tunèl la pou rive jwenn yon pasaj sou kote. Lè nou rive bò kote li, nou te retire debri anlè li tou dousman jouk tan nou rive louvri yon trou anlè li pou yon moun kapab rantre andedan l epi rale l soti.

Nan moman yo rale l soti, li t’ap chante epi remèsye manm ekip DART USAID deske yo te sove li. Fotograf: USAID/OFDA

Pandan tan sa a, te gen yon foul 50 moun ak jounalis otou nou. Lè nou rale l soti, dam la t’ap chante yon chante legliz, li di nou mèsi, mèsi, mèsi nou sove li. Gen yon video sou sa. Foul la t’ap rele «USA! USA! ». Kamera t’ap filme. Foul la t’ap bat bravo. Se te tankou yon rèv.

5 jou apre yon goudou goudou, ou pa jwenn anpil moun vivan anba dekonm. Mè sovtaj sa se te vreman yon mirak. Jinette pèdi 2 dwèt nan men li, mè nou te rive sove lavi l. Anfas katastòf sa a, sove yon moun konsa bay moun anpil kè kontan, se pa yon bagay mwen ka janm bliye.

VIDEYO: Jinette Saintfort nan moman yo rale li anba dekonm apre 5 jou , pandan l’ap voye konpliman pou ekip DART USAID a. Videyo koutwazi Terry DeJournett, Sèvis ponpye Los Angeles

Yon operasyon sekou ki pran 18 èdtan

Joseph Knerr, Sèvis ponpye ak sekou komin Fairfax

Nan chak misyon nou fè, nou espere rive sove omwen yon moun. Misyon kote nou te sove plis moun (anvan misyon Ayiti a), se te nan peyi Tuki kote nou rive sove 4 moun. Kidonk, se yon bagay ekstrawodinè pou nou jwenn opònite sove tout moun sa yo an Ayiti.

Youn nan sovtaj ti te plis make mwen se te premye a. Operasyon an pran 18 èdtan. Ki plis, pandan majorite tan sa a, se te menm ekip la ki ta’p travay san rete. Nou te blije fouye yon tinèl anba yon batiman kraze epi remonte tinèl la sou plizyè etaj pou nou rive jwenn moun la. Nou gen fòmasyon pou fouye tinèl, pou pèse mi, kabann ak menm frijidè. Mè an jeneral, nou pa fouye tinèl anba batiman kraze. Ta gen lòt jan pou fè sa. Mè fwa sa a, nou just pat gen lòt chwa.

Manm ekip sovtaj DART USAID a te itilize tout mwayen nan men yo pou rive jwenn moun ki te kole anba Lotel Montana. Fotograf: Sèvis ponpye ak sekou komin Fairfax

Yon lòt operasyon sovtaj ki make mwen se istwa yon ameriken nou rale anba Lotel Montana, li rele Dan Woolley. Li te kole andedan yon asensè pandan 65 èdtan, ki vle di preske 3 jou, anvan nou retire l anba dekonm. Plizyè mwa apre, Li pase nan youn nan kazèn ponpye nou yo pou li te salye mesye ki te sove l yo. Nòmalman, nou pa konn gen nouvèl moun yo apre operasyon sekou. Sa ki nòmal, nou pa mande tout sa. Men nou te kontan anpil pou rewè Dan Woolley, vin konnen li plis, epi jwenn nouvèl li.

10 Zan apre, sa ki toujou make mwen se fòs ak kouraj pèp Ayisyen an. Nou rale yon dam anba dekònm epi , doktè annik egzamine li, ba li dlo ak sewòm, epi dam la just leve kanpe epi ale. Sa montre anpil fòs ak kouraj.

M’ap toujou sonje tou jan tout moun te fè tèt ansanm epi travay men nan men pou yon sèl objektif. Sa nou reyalize an Ayiti, se pousa menm nou te angaje nan sovtaj ak sekou. Patisipe nan entèvansyon sa yo, se pi bèl bagay mwen janm fè nan tout karyè mwnen.

Manm ekip sovtaj USAID a te travay san jamè pran souf pou yo te bat tout rekò nan sove yon kantite moun vivan . Fotograf: USAID/OFDA — Sèvis ponpye ak sekou komin Fairfax

Jodya, Terry DeJournett retrete epi l’ap viv Hawaii, mè li toujou rete aktif nan kominote ponpye ak sekou a. Li bay fòmasyon sou sistèm kòmandman nan ka dife e li rete afilye ak Sèvis ponpye Los Angeles la ak ekip sovtaj ak rechèch la. Pitit gason li se ponpye tou e l’ap travay jodya nan menm Sèvis ponpye Los Angeles la tankou papa li.

Kanta pou Joe Knerr, li pa nan ekip sovtaj ak rechèch komin Fairfax la ankò, mè li toujou travay pou Sèvis ponpye ak sekou komin Fairfax la. Li sipèvize tout pwoblèm operasyonèl yo tankou ekip sovtaj ak rechèch, sèvis ponpye a, sèvis anbilans la, sovtaj teknik , sovtaj kont mateyel chimik, ak planifikasyon entèvasyon nan ka ijans. Madanm li travay pou Sèvis ponpye Fairfax la tou nan sèvis anbilans la.

Terry DeJournett , manm sèvis ponpye Los Angeles la deklare : « Nou preske pa janm dòmi pandan 17 jou sa yo. Mè fòs ak linyon ki te genyen nan ekip la se te yon bagay ekstrawòdinè. Ede Ayiti, ede pèp Ayisyen Se te yon gwo onè pou nou e moun yo te gen npil rekonesans pou tout sa nou fè a. »

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou entèvansyon USAID an Ayiti apre goudou goudou a epi tou sou lòt èd imanitè USAID kontinye ap bay an Ayiti.

Swiv USAID/OFDA sou Facebook, Twitter, ak Instagram.

--

--

USAID Saves Lives
USAID Saves Lives

Written by USAID Saves Lives

USAID's Bureau for Humanitarian Assistance saves lives on behalf of the American people. http://www.usaid.gov/privacy-policy

No responses yet